ENGREDYAN:
7 priz Fèy Sene (Senna) + 3 bwa Kanèl (Cinnamon bark) + 2 bout jenjanm (ginger) + 1 wonn po zoranj (orange peel) + Atiyayo
Si w USA: Ajoute rasin lyann legliz/réglisse (Licorice root) + mete grenn Koryand (coriander) + ajoute mouda fenouy lan, pati ki tankou zonyon an (fennel fruit).
PREPARASYON:
Melanje tout engredyan yo ansanm epi mete yo bouyi nan 1 lit dlo pou 5-7 minit. Pase nan paswa mete nan tenbal, tas ou gode pou bwè.
POZOLOJI:
Bwè 1 tas ajen bonè nan maten oubyen pran li depi aswè anvan w kouche. Ou ka fè l 2-3 jou pa semèn chak 2 semèn.
Atansyon:
Pa bay timoun piti ki poko gen omwen 10-12 ane dòz sa; fanm ansent ou ki ap bay tete pa dwe pran l. Si alèji ak plant ki nan fanmi Apiaceae, pèsi yo; si w toujou gen enflamasyon nan trip tankou ilsè kolitis, maladi Crohn, elatriye). Si w dezidrate anpil oswa ou ta gen apenndisit ou nenpòt maladi entestinal sw aki dyagnostike ou ki poko dyagnostike, konsilte yon pwofesyonèl swen sante anvan w konsome dòz sila. Si w gen H-pilori li preferab pou w fè dòz H-pilori a ki sou Medikaplant lan deja.

_____________///______________////_____________///________________
#Medikaplant | #Konstipasyon | #Sene | #Fenouy | #Licorice



Yon Gwo kout chapo Ak ekip la pou travay nap fè
Ke granmèt la fè nou gen anpil pasyans travay la pa fasil chapo ba pou nou …
Mèsi anpil Massinio pou ankourajman an!