Passer au contenu principal

Medikaplant

Beny Fèy: Se Medsin Tradisyonèl Se Pa Mistik

Medikaplant.org

Beny se yon zouti Terapetik, li pa pou ni lespri ni mistik. Beny fè pati Medsin Tradisyonèl. Nou pa dwe mistifye beny yo. Plizyè nasyon fè beny, ou ka fè beny plant ou menm jan w ka bwè te, alèz. Dayè si w bay nenpòt zòzòyè benyen l li ka deranje w.

Pa okipe pèsonn k ap di w se byen prive okenn sèk mistik ni lespri li ye. Beny se yon metòd tretman efikas kont anpil maladi medikal ak sipènatirèl.

Aprann fè beny, ou pa bezwen fè okenn teyat pou beny lan mache. Aplikasyon beny lan fèt topikalman, sa vle di se sou po nou aplike beny lan e nan kèk ka, malad la konn bwè de twa ti gout nan dòz beny lan. Sa nou dwe konprann li byen paske se plant ki konpoze dòz sa majoritèman kidonk se tankou yon te ou te bwè. Se pou sa gen beny yo prepare tankou yon enfizyon swa nan dlo cho oubyen nan solèy e pafwa menm nan seren. Engredyan ki konpoze beny sa deja libere ajan aktif ki nan plant yo epi melanj lan deja aktive. Ou ka bwè yon pati nan li, san pwoblèm swivan pwotokòl tretman w ap swiv la e kalite plant w ap itiliz yo. Se pou sa li enpòtan pou nou aprann nan men pwofesyonèl nan domèn lan anvan nou aplike.

Beny se Medsin Plant, se pa Mistik.

Ou pa bezwen nan salye 4 fasad ni limen balèn, depi w konn ki jan pou w melanje beny lan, ki engredyan w mete Beny se manipilasyon plant yo epi yon metriz awomaterapi. Beny ede w elimine ak kreye fre pou kreye ak transfòme.

Bravo pou elèv Medikaplant ki deside aplike kichòy yo aprann sou gwoup la. Rezilta garanti, viktwa pou limyè a.

Paj Facebook Medikaplant lan ap montre w kichòy sou tout kalite beny oswa sitwèb Medikaplant ki poste beny chak semèn, klike la pou aprann fè beny ou pou kò w: https://medikaplant.org/category/doz-ak-fomil/beny-plant/

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗
  • Comment (4)
  • Bonsoir Ton Vye. Mwen gen yon ti sèm ki malad, sa gen environ 15 ans, de jou an jou sa ap plus mal, lè maladi an pranl li tonbe, li perdu konesans, li konn pipi sou li, tout kote nou ale nou pa janm jwenn solution. Eskew ka edem ak youn nan method ou yo? SVP

  • Mèsi ak tout fanmi medikplant la ki deside pataje etensèl limyè sa yo ak nou. Yo te toujou vle fè nou kwè ke beny se you pratik mistik men ak konkou Vye Ewòl nou rive konprann a klè ke lanati ak tout sa ki antoure l yo pa pwopriyete prive yon sèk mistik ou you group moun men se zouti Granmèt Souf la mete a la dispozisyon nou menm moun poun ka fè pakou nou sou latè san kè sote. Anso disip limyè la, hoïs!

Kite yon kòmantè