Passer au contenu principal

Medikaplant

Dòz Anti-Cham pou Ranplase Dlo Bouboun Manmi

Medikaplant.org

Sispann bwè dlo bouboun manmi, oswa Gran sè n:
Etap#1 -> Tranpe 1 ponyen fèy medsiyen barachen nan ton ti dlo tyèd, lese l chita pou 7-10 minit, bwè l pandan tout jounen an kòm tizann rafrechi. Fè sa pandan 3 jou pou prepare vant ou. 4èm jou a, graje yon ti priz grenn annikòn (kakòn) mete l nan yon ti kleren blan chofe l, epi bwè l. Mete men w sou vant ou, lonbrik ou, souke vant lan byen souke. Lapè!- Ou ka refè etap #1 an apre yon mwa, epi nan twazyèm mwa apre a refè l, si w ta toujou gen ti sentòm.

Etap#2: Extra

  • Sa w ka fè anplis: Fè 7 jou tizann rasin Ave (vèvenn pit), semèn aprè a fè 7 jou tizann rasin vetivè. Apre pandan 3 jou, chak maten, vale yon ti bout jèl lalwa ki longè ti dwèt orikilè w.

Chak kalite Cham gen zafè pa l, se pa tout Cham ki trete menm jan, men yon senp chanm entim ka trete fasil si l pa tann cham nan rabi. Pi vit ou trete l se pi bon pou ou. Dòz sa se yon mwayen natirèl efikas pou raplase ak evite manman yo bay pitit gason yo dlo bouboun yo bwè pou pwoteje yo kont fanm ki ka bay yo dlo bouboun pa yo tou bwè pou chame yo lè yo gran. Men nou pa bezwen fè sa paske l chaje risk ak efè segondè sou gason an. Plant yo ka ede n chanje pratik la. Plen dòz pou trete Cham, nou pap pibliye tout, nou pataje yon metòd senp ak 2 plant ou ka itilize pou regle sa pandan w ap evite mikwòb ki ka soti nan twou dèyè melanje ak dlo twalèt deba a. Nou konn ki dega sa ka koze.

Gen dòz nou p ap bay piblik la pou zòzòyè pa vòlè yo ale vann nan gwoup prive ak fè trètman djèg. Si w pran yon cham kote w pa leve pou lòt fanm sof fanm ki chame w la, sa gen fason pa l li trete. Ou p ap jwenn anpil moun ki ka fè trètman sa.

Medikaplant
www.medikaplant.org

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè