Passer au contenu principal

Medikaplant

Byen Manje: Ki Jan Pou w Manje?

Medikaplant.org

Manje se premye medikaman pou kò nou. Lè n aprann fè manje se remèd nou aprann fè. Nou tout dwe ka nouri tèt nou oswa konen fason pou nou fè san n pa oblije depann de yon lòt moun pou fè sa. Fi kou gason dwe omwen konn fè kèk pla pou yo konsome. Chwa manje w ap mete nan kò w ka detèmine kalite lavi ou viv ak kantite tan ou viv an sante.

Yon bon pla, se yon pla pafè ki chaje ak benefis pou kò nou. Manje se premye medikaman kò a. An nou jere kò a, se anvlòp fizik lavi sou latè.

Yon pla manje pafè:

Lè w ap byen manje, ou dwe asire w pla manje w la byen ekilibre. Men yon modèl ou ka itilize pou balanse sa w ap manje yo pi byen pou swen sante w:

50 % Fwi ak Legim

25% Sereyal | Grenn ankè | Whole Grains

25% Manje ki plen pwoteyin

  • Plis bwè 1 vè dlo potab se sa nèt.
    – 1 tas te se toujou yon bon konpayon

Pyès moun pa gen 2 kò, se yon sèl kò nou tout genyen, se pou n swen kò a.

Depi kò a pa ka sipòte lavi, ou deja janbe pou peyi san chapo. Ede kò w sipòte lavi w pi lontan posib.

Medikaplant

www.medikaplant.org

#Medikaplant | #Pla_Pafè

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè