Boutèy Ralman Pou Manb (pye, ponyèt, ets) Fèb ou Tranble
KI JAN POU MONTE BOUTÈY LA?

Li fasil pou w monte yon boutèy pou ni granmoun ni timoun ki gen yon manb nan kò yo ki fèb, k ap tranble san rete. Si w gen yon timoun kipa pwofite jan yo renmen di l nan langaj popilè a, sa vle di ki rive nan lè pou l ta mache ou wè ki poko mache, pa tann li pi ta, plis li pi ta se plis l ap difisil pou ede l korije sa, boutèy ralman sa ap sèvi l anpil, monte boutèy la pou w ba l ralman, epi pa lese l ale nan dlo frèt, ou ka mande pye yo lejèman si nesesè.
Boutèy ralman se pou itilize topikalman (sa vle di sou po se pa pou anndan nou). Gen tout kalite boutèy. Ou ka konn remèd fèy men w pa konn monte boutèy, se yon branch li ye anndan Medsin tradisyonèl Ayisyen an. Gen boutèy ralman ou ka bay moun nan 3 gout ladan l san pwoblèm pou jere anndan li pandan w ap fè seyans ralman an pou li. Men ki jan pou w monte yon kalite boutèy ralman lè manb moun nan fèb, l ap tranble, timoun pye fen ki fèb ki poko ka kanpe ni mache menm si laj l ap avanse.

ENGREDYAN:
7 grenn Miskad + 21 klou jiwòf + 2-3 ponyen fèy ak flè womaren + 1/2 boutèy diven wouj ou kleren oswa Madè + 3-7 bout bwapen + 1 ponyen lachòy (sauge|sage, salvia officinalis), men si n Ayiti nou pa jwenn lachòy etranje an nou ka itilize lachòy lokal la yo konn rele Tabak Mawon (Lachòy).
PREPARASYON:

– Madè a bon anpil sitou si se yon timoun ki fèb epi ki poko ka mache malgre li rive nan laj pou kanpe ak mache, sa yo konn rele timoun ki pa pwofite nan langaj kouran; w ap mete plis Madè nan boutèy la (3/4 madè) lè sa, epi kase plis bwapen mete ladan l. Nan ka timoun piti yo, toufe manb timoun lan lè w fin ba l ralman sa.
Pran yon boutèy an vè ki vid (Barbancourt oswa nenpòt lòt 750 ml), pinga itilize boutèy plastik pou monte boutèy. Netwaye boutèy la byen, fè yon ti pile ou bat engredyan yo, melanje yo ansanm apre fouye tout engredyan yo anndan boutèy la. Ranpli boutèy la mwatye diven, yon ka kleren, yon ka Madè. Ou ka mete mwatye boutèy Madè epi yon ka diven ak yon ka kleren oswa rès la diven nèt. Lè w fini bouche boutèy la byen sere, souke l. Si moun nan grav ou ka itilize l imedyatman pou rale ou fwote manb osw apati nan kò moun nan k ap tranble a ou ki fèb la. Men toutan boutèy la rasi plis ant 3 a 10 jou li pi fò.

POZOLOJI:
Rale ou fè friksyon manb ou moun nan omwen 3 fwa pa jou ak boutèy la, se pou moun sa toujou kite omwen yon 3 èdtan ou plis pase anvan li benyen ou ale nan dlo. Evite dlo frèt.
DIPLIS:
– Pou granmoun, anplis ralman an nan maten bonè, nou ka bouyi 1 ponyen fèy womaren nan 1 vè diven wouj ki pa sikre pandan de twa minit, epi bay moun nan bwè l anvan ralman an. Pa kite l ni benyen ni manje apre sa jiska anviwon 3-4 èdtan apre sa.
Medikaplant
www.medikaplant.org
__________________
#Medikaplant | #Boutèy | #Ralman | #Tranble | #Manb_Fèb | #Pa_ka_mache



Vye Ewól c gwo espri ki cache nan yon kò kap fè koze ak plant lakay, bon kouraj kembe la bro. One love!
One love Fritzner! Mèsi pou bèl mo sa yo, n ap kenbe. Lanati se lavi! 🌿
Mwen fek ap fè konesans avek mesye Vye, ou se yon trezò, mte pè scam Mpat fè sit la konfyans. Epoutan se yon sit ke tout moun ta dwe itilize Chak jou
Mèsi Ronald, nou kontan w jwenn konfyans! Ou te gen rezon fè atansyon. Gen moun k ap itilize non nou. Sonje: Medikaplant pa janm mande w voye lajan Ayiti. Achte sèlman sou medikaplantshop.com, epi swiv sèlman paj ofisyèl nou yo: medikaplant.org, medikaplantshop.com ak hoismedikaplant.com. Sèl WhatsApp ofisyèl nou se +1 (954) 529-0705, ak badj ble ✔️ a. Nenpòt lòt nimewo k ap mande w lajan, se yon eskwokri.
Mwen gen yon timoun 9 ans ki poko mache, lopital pa wé sa k fél pa mache a😔
Ray, m regrèt anpil pou pitit ou a. Li enpòtan pou yon doktè timoun ki espesyalize nan nè ak misk (newològ pedyatrik) ak yon fizyoterapis egzamine l. Nou ka akonpaye w tou ak yon konsiltasyon pou sipò natirèl: https://medikaplantshop.com/consultation/
Eske fòk miskad yo grane?
Eskize n pou reta a. Wi Helene, graje miskad la pou l bay plis.
Mèsi anpil Ton Vye. Hois la klere w.
Mèsi anpil Florcy!
Msi
Avèk plezi Gracius!
Bon bagay vye
Mèsi anpil!
Bon travay vye fre ak sem yo. anpil limye pou nou
Mèsi Lener!
Merciii bokou men Sam tap diw eske ou pa gen boutèy tankou kont vye pyès tankou sa ou menm ou prepare
Eskize n pou reta a. Anise, tout boutèy yo sou https://medikaplantshop.com.