Passer au contenu principal

Medikaplant

Kola Anmè (Bitter Kola) : Gwo Plant + Anti Glokòm Puisan

Medikaplant.org

Bitter Kola (Kola Anmè): Anti Glokòm Puisan

Non syantifik: Garcinia kola
Kreyòl: Kola Anmè 
anglè: Bitter Kola
 
Youn nan pi gwo remèd kon glokòm se Kola Anmè. Se vre li pa fasil pou w jwenn plant sa si w Ayiti men ou ka toujou fè achte l anliy e pote l pou ou Ayiti. Remèd fèy pa limite ak espas kote w ap viv la sèlman, Gen plant sou latè e tout ka sèvi kòm remèd si nou konn ki jan pou nou manipile plant yo.

Manje de twa gren plant sa 2-3 fwa pa jou pou desann tansyon je yo, pou prevansyon ak pou konbat Glokòm (Glaucoma).

Kèk Byenfè Plant sa Genyen:
– Plant sa chaje pouvwa kont pwazon sitou koulèv ak eskòpyon, yon grenn ou manje sèlman ka netralize pwazon an. 
– Li efikas kont enfeksyon viral ak bakteri. 
– Fòtifye iminite nou, se yo gwo kle kont lafyèv ak grip, jere poumon nou, antidoulè.
– Li ede nou jere sante vant nou, gen cham ou doulè ou gen anndan vant ou ki pa janm ka jwenn solisyon kay doktè, se Bitter Kola k ap ba w souf.
– Fanm ki gen doulè règ atwòs, gwo vant fè mal, l ap ba w solisyon.
 
Konsome 2-3 grenn pwa 2 fwa pa jou san kwit san bouyi, tou kri nan espas 3-4 semèn. Si pou w renouvle l apre yon tan ou refè sa.
 
W ap jwenn plant sa achte fasil sou Amazon oubyen sou lòt sit sou nèt la, ou ka jis Google non syantifik la ou non Anglè a pou sa. 

Atansyon:
Pinga nou konfonn Bitter Kola ansanm ak Gotu Kola (Ti Poul Bwa).

Pa bliye pataje pou plis moun ka konnen pou pwoteje je yo pi byen. Vizyon se bagay ki enpòtan pou moun epi na p evite operasyon.
!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè