Non syantifik: Justicia pectoralis
Plant sa rele Chapantye ou Zèb chapantye, yo rele l tilo sitou nan peyi panyòl, yo rele l piri piri tou nan peyi panyòl. Brezil yo rele “Chambá”.
Li sanble anpil ak Diven Jezi (Justicia secunda) men yo pa menm. Ann Ayiti moun yo sèvi ak li kòm flè dekorarif nan lakou yo, yo fè kloti ak li tou.
Li sanble anpil ak Diven Jezi (Justicia secunda) men yo pa menm. Ann Ayiti moun yo sèvi ak li kòm flè dekorarif nan lakou yo, yo fè kloti ak li tou.
KÈK BENEFIS PLANT SA:
Si n te konnen, se yon gwo tonton plant sitou pou maladi poumon, tous, bwonch fèb. Li se yon plant Kle pou moun ki soufri opresyon. Gen anpil Etid ki fèt sou li ki demontre pwopriyete plant sa pou ede trete opresyon ak maladi poumon, yo ka devlope yon siwo ak li.

– Li antienflamatwa epi l chaje lòt benefis.
– Se youn nan plant Kle pou pran swen poumon n,
– Li ede fè prevansyon kont tout kalite maladi li ka afekte yo tankou kansè
Nou konnen deja ki jan espas aprantisaj Medikaplant la ye, nou renmen lè n aplike epi pran tan pou aprann: ale fè rechèch sou pant Chapantye plis, itilize non syantifik la. Devwa lakay pou nou.
Medikaplant
www.medikaplant.org