
Beny fèy se yon metòd terapi ki efikas anpil epi moun pa itilize ase. Men nan tradisyon Remèd Fèy Ayisyen an, beny enpòtan menm jan ak dòz te, monte boutèy ou ralman pa ekzanp. Youn nan misyon #Medikaplant se demistifikasyon « beny fèy. » Majorite beny y ap di mistik yo se beny terapetik ki se yon metòd puisan pou fè prevansyon ak trete maladi. Beny sèvi pou elimine ak netwaye vye enèji, pwòpte ora moun.
Pataje | Abòne pou pa rate | Pataje pou ankouraje travay la.

ENGREDYAN:
Bazilik + Flè choublak + Flè Doliv (Moringa) + Flè Bonbonyen oubyen Milflè (Lantana camara) + Fèy Zoranj Si wòwòt + Womaren + Jenjanm + Kanèl + Anetwale.
PREPARASYON:

Pran 3 ponyen nan fèy ak flè yo mete nan yon kivèt dlo. Pile 3 bout jenjanm ak tout po lejèman pinga kraze yo twòp, 7 bout kanèl oswa 3 ponyen fèy kanèl (si w jwenn), 1 ponyen Anetwale. Ajoute tout ansanm. Si w vle ou ka ajoute 3 ti gout kleren, 3 ti gout pafen. Pase beny lan solèy pandan yon ti tan (45 min anviwon ou plis). Benyen soti nan tèt ale nan pye ak yon moso savon lave (san lave, sa vle di, ki poko itilize). Si w gen yon plant pami lis la ou pa jwenn ou ka ne fè beny lan ak sa w jwenn yo.
Beny sa bon timoun kou granmoun. Nou ka fè beny yo nenpòt jou. Men li preferab pou fè beny grip nan solèy midi ou solèy cho. Ou ka fè dekoksyon (bouyi) engredyan sa yo tou pou bay moun nan bwè 1 tas 2-3 fwa pa jou.
__________///________///___________///_________________
#Medikaplant | #Beny_Fèy | #Grip | #Beny_Grip



Good afternoon I would like to know what’s a good treatment for asthma.
Good afternoon Emily, thank you for reaching out. Asthma needs a doctor’s care. Please never stop or replace your inhaler with herbs. In Haitian traditional medicine, warm teas such as ginger and thyme (ten) are used to soothe the airways, but the right plan depends on your triggers and medications. You can book an Herbal Wellness Appointment (Zoom) at medikaplantshop.com so we can look at your case. This is educational information and does not replace medical care.