Se de (2) fòmil beny nou ka fè pou nenpòt timoun move lawon « dyoke » nan men nou. Nenpòt granmoun ka pran beny sa yo nenpòt jou. Beny yo se metòd terapi natirèl ki efikas se pa koze mistik, se medsin tradisyonèl, richès lanati.
Beny dyòk | Anmè (#1) :
– ENGREDYAN | PRERASYON | METÒD: Nan yon kivèt blan, vide anpe dlo frèch oswa dlo lapli epi vide 3/4 dlo lanmè ladan l, w ap ajoute fèy sa yo ladan l men ou pa oblije gen tout, nou jis ba w yon lis ki konplè: 3 ponyen fèy pwa kongo + 3-7 branch amwaz oswa absent + 3 ponyen pèsi + 3 moso lalwa.
– Ajoute yon 3-7 dan lay + 7-14-21 grenn klou jiwòf + 3 ti gout kleren + 3 gout lwil maskreti oswa lwil doliv + 3 ponyen grenn sèl. Si w vle monte pi wo lage 3 ti bout bwa metsiyen beni ou vyolèt, ak bwa pini oswa sèd, bwa kaka nan beny lan. Si l nesesè e sitou nan ka ti gason, ou ka ajoute ti tak pipi manman li nan beny lan. Fwote ak melanje engredyan yo byen. Lese beny lan repoze pou yon ti tan. Benyen timoun nan oubyen moun k ap pran beny lan soti nan tèt ale nan pye l. Itilize yon ti moso savon lave (san lave) sa vle di, ki poko itilize. Pa kite dlo a tonbe nan je timoun nan paske l ap boule l. Tou jete l ak ma beny lan. Mete rad pwòp apre ou fini benyen l. Li preferab pou w netwaye chanm e chanje dra ak sak zòrye. Beny sa ka fèt a midi nan bon solèy. Nan kèk ra ka ou ka ba li l a minwi tapan si gen gwo pèsekisyon movesije.

Beny Limyè | Dous | Beny Chans (#2):
Nan demen maten, solèy levan, w ap prepare beny sa:
Dlo frèch + 3 gwo ponyen fèy bazilik + menm kantite lay, jiwòf, kleren beny #1 an + 3 ponyen pèsi + 3 flè joumou (si w ka jwenn) kèk gout pafen santi bon (li ka florida si w genyen ou lòt pafen w sèvi), 3 kalite pafen diferan ou plis + 1 ponyen grenn sèl + 3 gout lwil sent oswa lwil dewoz. Benyen l ak yon nouvo bout savon lave san lave.
– Yon Granmoun ki pran beny sa ka bwè yon tas te balizik + siwomyèl (siwo kann | rapadou) nan aswè anvan l kouche, w ap fè bèl vwayaj atravè rèv ou. Pwòp tèt ou ap baw limyè pou w konprann pi byen kote w gad.
DIPLIS:
Men yon lis lòt plant ak tout dozaj yo, ki bon pou beny devenn si jwenn nan yo ou ka ajoute nan beny dyòk la: 3 fèy kafe + 3 fèy lougawou + 3 fèy tabak + 3 pye oswa 1 pake siv + 3 fèy kalbas + 3-7 fèy konkonm zonbi. Nenpòt fèy ou manke ou ka ranplase l ak fèy Ave (yo konn rele l Anamu oubyen Mal Pouri); ou ka itilize fèy Manyòk Anmè tou. Asowosi (yèsken) oswa fèy Bwa Chèn, fèy Monben Bata ou fèy Kapab, fèy 3 pawòl, fèy Sousi oubyen fèy Gate sa fèy vèvenn bon tou.
- Nou pa oblije jwenn tout fèy yo pou fè beny sa. Depi n gen 7 ou 9 plant omwen nou ka fè beny lan Ayiti ou lòt bò dlo.
Medikaplant
___________________/////_________//////__________________
#Medikaplant | #Beny_Limyè | #Beny_Dyòk |#Beny_Dous | #Beny_Anmè



Mw pa gen lontan dépim komansé swiv vyé Éwol sou YouTube, men frè pam anpil konpliman, mèsi pou tt limyè sa yo, mwè ou pa yon pwofet sou tic tac se sak fè mw kat fwa pli aprésyew. Sé domaj mw pa nan Facebook. mw sèlman sou whatsapp.
Mèsi anpil Carl pou bèl mo yo! Pa gen pwoblèm si w sèlman sou WhatsApp: ekri nou sou WhatsApp ofisyèl Medikaplant: +1 (954) 529-0705. Se sèl nimewo ofisyèl nou, li gen badj ble ✔️ verifikasyon an. Si w vle aprann plis, tout klas yo sou hoismedikaplant.com. Atansyon ak fo kont: si yon nimewo pa gen badj ble a, se pa nou. Medikaplant pa janm mande w voye lajan pa WhatsApp.
Sim pa ka jwenn dlo lanmè m paka fè beny lan ak dlo frèch sèlman ???
Eskize n pou reta a. Wi, ou ka fè l ak dlo dous. Mete yon bon ti ponyen sèl lanmè (gwo sèl) ladan l pou ranplase dlo lanmè a.
Bonswa tout moun. Sim pa gen kivèt blan an eskem paka fel nan lòt kivèt?
Eskize n pou reta a. Wi, ou ka fè l nan yon lòt kivèt pwòp.
Sim pa jwenn dlo lanmè a pa kisa mw ka ranplasel Svp
Eskize n pou reta a. Mete yon bon ti ponyen sèl lanmè (gwo sèl) nan dlo dous la.
Si mw pa jwenn dlo lanmè, pa kisa mw ka ranplasel Svp
Franciska, mwen reponn ou nan lòt kòmantè a.
Bonjour tout moun, eske gen yon moun ki ka fem trouve fey sa yo??. m rete boston,m paka jwenn fey yo. M pre poum peye nepot pri. mesi.
Eskize n pou reta a. Tete, nan Boston ou ka chèche nan boutik ayisyen ak botánica. Fèy sèk yo pral disponib sou https://medikaplantshop.com tou.
Anpil lanmou pou ou
Anpil lanmou pou ou tou Marie Daniel!
Mèsi Pou gran travay sa a nap Fe Nan sosyete a
Eske Lew fin Fe beny yo , ou sipoze Domi ak menm beny lan sou ??
Eskize n pou reta a. Wi Fegens, ou pa bezwen rense. Kite l seche sou ou.
Eske m paka fel nan yon lot veso ki pa blanc tt fwa pa gen kivèt blanc?
Eskize n pou reta a. Wi Keysha, ou ka fè l nan yon lòt kivèt pwòp.
Medikaplant ou se delivrans
Mèsi Guerrier!
Mesi anpil medikaplant
Avèk plezi!
Hoïs fanmi. Limyè pou ou pou bel travay sa wap fe a. Kesyon svp , eske yon koup kap viv kapab pran beny renesans la ansanm svp. ? Eskes ka fel pou timoun tou ? Mesi davans pou repons ou
Eskize n pou reta a. Wi, yon koup ka fè beny renesans la ansanm. Pou timoun, nou konseye w diminye dòz plant yo epi pale ak yon pwofesyonèl sante anvan.
Bonjou, Vye! Beny yo vreman interese m poum ta fe yo. M’en Mw pap k jwen tout ingrédients yo. Mesi pou konesans ou…
Eskize n pou reta a. Mèsi Lusette! Si w pa jwenn kèk engredyan, ekri nou sou WhatsApp nan 954 529 0705, nou ka ede w jwenn ranplasman.
Mesi pou tout bon medikaman sa yo nou pote pou nou.
Mèsi anpil Frédérique!
Merci anpil pou bon travay sa
Mèsi anpil Rose Blandine!
Mesi pou bon sevis nou
Mèsi Rose!
Mèsi anpil
Mèsi Adja!
j aime , merci
Merci Stephanie!
Mèsi pou lanmouw ou temwanye pou nou!
Mèsi Orabin!
Pou numero 2 a eskem ka mete luil akasya nan plas luil dewoz la? Eskem pa ka fèl nan veso aliminyòm tou paske kotem ye a m pap jwenn li
Angel, ou ka fè beny yo nan nenpòt veso si w vle, li pa oblije kivèt blan non. Epi ou ka toujou itilize lwil akasya paske se yon bon lwil men li pa ranplase lwil woz la nan beny sa. Wi ou ka kapab men se pa menm plant yo ye.
Wi ou kapab pou tou de kesyon yo.