Depi kèk semèn n ap trete yon bann fanatik #Medikaplant ki gen yon zafè lafyèv ak grip ki frape anpil moun atè. Bagay ki fasil pou trete, si w vle w Men fason pou w konpoze dòz sa pou w jwenn bon rezilta rapid vit:
ENGREDYAN:
– 5 fèy ekaliptis + 3 branch Ti Bonm (mant) + 2 ti bout jenjanm (pile ou graje) + 1 ponyen fèy ak flè Doliv + 3 branch sitwonèl (mare yo an ne) + 1 wonn sitwon + 1 bò Zoranj Si (prije ak tout po a, lage l ladan l) + 3 branch pèsi + 3 branch ten + 3 Fèy lougawou + 1 bout lalwa + 5 ti branch fèy Dèyè Do + 3 klis Kanèl + 3 grenn Pwa + 7 klou Jiwòf.
EKSTRA (Si w jwenn ajoute): 1 ti branch (5) fèy Lila (nim) + 2 branch womaren
ENSTRIKSYON | METÒD PREPARASYON:
1) Mete yon dlo bouyi,
2) pile/graje jenjanm nan, ak tout kanèl la +pwav la, mete yo nan dlo k ap bouyi sou dife a,
3) Aprè sa, kite yo fè yon ti bouyi pou 3-5 minit;
4) Ajoute chak fèy yo youn aprè lòt nan dlo dekoksyon an (te a); mare branch sitwonèl yo an ne tankou lasèt soulye.
5) Epi pandan te a ap bouyi, koupe ti moso lalwa, retire pikan ki arebò l yo epi answit ajoute l ladan te a.
6) Lese te a bouyi pou 7- 10 minit. Pa depase 15 minit.
7) Retire l sou dife vide nan tas ou veso, pa pran ma yo.
POZOLOJI:
Bwè 3 tas chak jou pou granmoun; 2 tas pou timoun ki gen plis pase 5 lane.
Prekosyon: -Fanm ansent ak sila k ap bay bebe tete pa dwe bwè dòz sa. Si 2-3 jou pase fyèv sa pa tonbe ale wè doktè w oswa kontakte nou rapid vit.
– Si w p ajwenn tout plant yo, ou ka ne konpoze dòz la ak sa w jwenn yo, li efikas anpil.
____________/////___________////_____________/////__________
#Medikaplant | #Grip | #Lafyèv



M Gen yon bb 16 mwa, depi l fèt li gripe, li pa janm kite l. Li ak yon las sou lestomak li kap ronfle. M al lopital ak li , banm remed, anyen pa mache.
M ta renmen w banm yon remed Ton Vye souple
Eskize n pou reta a. Frantz, yon bebe 16 mwa ki gen las sou lestomak tout tan dwe swiv ak yon doktè timoun. Pa ba li remèd pou granmoun.
Travay w ap fè a pa gen pri granmoun, se sèl Bondye ki ka rekonpanse w. Long vi ton Vye, anpil lanmou ak limyè pou ou!
Mèsi anpil Murcada, limyè pou ou tou!
Mèsi pou remèd la , men mpa ka pwanl koz map alète yon bebe 4 mwa , donk kisam ka pwan nan ka sa ?
Eskize n pou reta a. Yaveline, pandan w ap bay tete, pran yon te jenjanm lejè ak sitwon ak siwo myèl, epi bwè anpil likid.