Beny Giyon/Dyòk/Devenn ak Beny Chans: Kwape Vye Aktive Bon Enèji
Sa se 2 fòmil beny nou ka fè pou nenpòt timoun move lawon « dyoke » nan men nou. Nenpòt granmoun ka pran beny sa yo nenpòt jou. Beny yo se metòd terapi natirèl ki efikas se pa koze mistik, se medsin tradisyonèl, richès lanati.
Beny dyòk | Beny Anmè (#1) Kwape Move Enèji: Fè menm Beny sa Pou Giyon ak Devenn
– Nan yon kivèt blan, vide anpe dlo frèch oswa dlo lapli epi vide 3/4 dlo lanmè ladan l, w ap ajoute fèy sa yo ladan l men ou pa oblije gen tout, nou jis ba w yon lis ki konplè: 3 ponyen fèy pwa kongo + 3-7 branch amwaz oswa absent + 3 ponyen pèsi + 3 moso lalwa.
– Ajoute yon 3-7 dan lay + 7-14-21 grenn klou jiwòf + 3 ti gout kleren + 3 gout lwil maskreti oswa lwil doliv + 3 ponyen grenn sèl. Si w vle monte pi wo lage 3 ti bout bwa metsiyen beni ou vyolèt, ak bwa pini oswa sèd, bwa kaka nan beny lan. Si l nesesè e sitou nan ka ti gason, ou ka ajoute ti tak pipi manman li nan beny lan. Fwote ak melanje engredyan yo byen. Lese beny lan repoze pou yon ti tan. Benyen timoun nan oubyen moun k ap pran beny lan soti nan tèt ale nan pye l. Itilize yon ti moso savon lave (san lave) sa vle di, ki poko itilize. Pa kite dlo a tonbe nan je timoun nan paske l ap boule l. Tou jete l ak ma beny lan. Mete rad pwòp apre ou fini benyen l. Li preferab pou w netwaye chanm e chanje dra ak sak zòrye. Beny sa ka fèt a midi nan bon solèy. Nan kèk ra ka ou ka ba li l a minwi tapan si gen gwo pèsekisyon movesije.

Beny Limyè | Beny Dous | Beny Chans (#2) Aktive Bon Enèji:
Nan demen maten, solèy levan, w ap prepare beny sa
Dlo frèch + 3 gwo ponyen fèy bazilik + menm kantite lay, jiwòf, kleren beny #1 an + 3 ponyen pèsi + 3 flè joumou (si w ka jwenn) kèk gout pafen santi bon (li ka florida si w genyen ou lòt pafen w sèvi), 3 kalite pafen diferan ou plis + 1 ponyen grenn sèl + 3 gout lwil sent oswa lwil dewoz. Benyen l ak yon nouvo bout savon lave san lave.
– Yon Granmoun ki pran beny sa ka bwè yon tas te balizik + siwomyèl (siwo kann | rapadou) nan aswè anvan l kouche, w ap fè bèl vwayaj atravè rèv ou. Pwòp tèt ou ap baw limyè pou w konprann pi byen kote w gad.
DIPLIS:
Men yon lis lòt plant ak tout dozaj yo, ki bon pou beny devenn si jwenn nan yo ou ka ajoute nan beny dyòk la: 3 fèy kafe + 3 fèy lougawou + 3 fèy tabak + 3 pye oswa 1 pake siv + 3 fèy kalbas + 3-7 fèy konkonm zonbi. Nenpòt fèy ou manke ou ka ranplase l ak fèy Ave (yo konn rele l Anamu oubyen Mal Pouri); ou ka itilize fèy Manyòk Anmè tou. Asowosi (yèsken) oswa fèy Bwa Chèn, fèy Monben Bata ou fèy Kapab, fèy 3 pawòl, fèy Sousi oubyen fèy Gate sa fèy vèvenn bon tou.
Nou pa oblije jwenn tout fèy yo pou fè beny sa. Depi n gen 7 ou 9 plant omwen nou ka fè beny lan Ayiti ou lòt bò dlo.
_________/////_________//////__________________
#Medikaplant | #Beny_Limyè | #Beny_Dyòk |#Beny_Dous | #Beny_Anmè



Bon travay
Mèsi anpil Robert! Kontinye swiv nou. 🌿
@Mimi, ekri nou an prive sou whatsapp 954 529 0705 lan.
Bonjour AK tout staff la,Map expliqué Nou yon rèv brèf
Pou Nou edem konn ki beny,poum ta pran jodia menm svp
Yeswa m rêve ,yon espri parèt sou Yon vizaj yon gro vedèt
Li kouchem anpil,épi li dim mw gen Yon enègi du feu.li pat janm ka genyen,li pranl
M Santi ,Toutan li jwenn pouvwa pou kouchem nan ,e komsi peni l ,se Yon tub kap rale fòs ki t nan mw an
Épi li mete bouch li,nan bouch mw tou pou l fèl
Lèl fin rale tout likid la,m santim fèb anpil
Aprè m gen Yon ti kontrol nan mw,m dil lèw rale tout enèji sa nan mw.mpap ka util kòm Anyen non.m wè lap ri,épi li di ou gen pou vin pi jèn
M wè m fâché,m vle reprann .li Goumen avec Mwen anpil..e ti sa Mta vle reprann an,trò piti,mpaka pran l
M jus paka ekri tout rèv la,lè jem klè m santim vid
E lè m Domi anko,m wè yon gro sunami nan zòn mw
Mèsi pou konfyans ou Mimi. Rèv konsa ka fè moun pè e fatige. Li pi bon pou n pale de sa an prive. Ekri n sou WhatsApp 954 529 0705 oswa pran yon konsiltasyon la: https://medikaplantshop.com/consultation/
Ton vye mwen felisitew mwen ta renmen ou dim koman poum bòne kòm
Mèsi Peterson. Gade beny yo nan atik la, men si w vle yon gid pou pwòp sitiyasyon pa w, pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Bonswa Ton Vye mwen felisitew pou bèl travay sa wap fè nan kominote a , mwen pral prépare m la poum fè beny chans lan , paske bagay yo pa bon pou mw dutou
Mèsi Sherley! N ap swete w bagay yo chanje pou ou.
Good job guys
Thank you Roosevelitho!
Mw pral retire devèn sou mw paske mw wè lavi pa ofrim okenn opòtinite sèl sante mw pa menm fin kwè sim genyen l paskem pagen kob mpa janm al lopital
Beny se yon fason pou w Kòmanse. Eseye fè beny tèt la oswa konprès ak fèy joumou an menm yon jou tou paske ta sanble pwoblèm yo strese w anpil. Ou pale tankou yo moun k ap batay ak depresyon. Pa bliye strès se sous anpil maladi.
Merci beaucoup pour ce travail sans prix ❤❤💯💯
Merci à vous Carla!
Bonswa Medikaplant! M esperew anfòm , mwen bezwen fè beny giyon an men map viv New Jersey donk li difisil pou mwen poum jwenn dlo lanmè epi fèy frèch yo, nan ka sa kisa m ka fè svp ?
Eskize n pou reta a. Synthia, si w pa jwenn dlo lanmè, mete yon bon ti ponyen sèl lanmè (gwo sèl) nan dlo a. Fèy sèk yo mache tou, sèlman kite yo tranpe pi lontan nan dlo cho.
Konpliman pou kokenn Chenn Travay sa a wap fè, mwen ta renmen pran beny yo men problem Pam, Mpaka Jwenn fèy yo frè, tout se fèy sech, Eske mal benyen avek fèy sech yo please, oubyen Eske nou Vann fèy yo please🙏🏽❤️
Eskize n pou reta a. Wi Matita, ou ka benyen ak fèy sèk. Kite yo tranpe pi lontan nan dlo cho. Fèy sèk yo pral disponib sou https://medikaplantshop.com.
Ton vye mèsi ❤️
Mèsi Laurencie!
Bonswa medikaplant, mesi pou gro travay sa wap fe a. Eske nou vann tout fey yo? eske nou gen yon package fey pou chak beny? li tap bon anpil si te gen package fey pou chak beny pou vann. Mesi anpil
Eskize n pou reta a. Bon ide Tilou! N ap travay sou pakè fèy pou chak beny sou https://medikaplantshop.com.
Ton Vye svp mw gen yon giyon kap fini avèm,mw vle fè beny lan men m pa k pase pour mal pran dlo lanmè a èske sim mete gwo sèl mw fè dlo a sale li pap bon? Eske m pa k fèl tou nan lòt kivèt paske m pa gen blan svp🙏🏾
Eskize n pou reta a. Lundy, wi, gwo sèl nan dlo dous mache, e ou ka fè l nan nenpòt kivèt pwòp.
Bonswa medikaplant, mèsi anpil pou beny yo,m fè beny devenn nan AK beny limyè a,Moun mw gen nan vim nan tou ralanti sou mw,m ta renmen konnen eske beny l’an ka fè sa e kisa l vle di
Eskize n pou reta a. Tania, beny yo pa fè moun vire do sou ou. Pafwa moun ralanti pou pwòp rezon pa yo.
Mw Aprann anpil mèsi madikaman plant
Avèk plezi Christelle!
Bonsoir dlo freche la Eskeu c nenpot dlo oubien sa nou jwenn plis ayiti ki c dlo tuyo a svp ?
Eskize n pou reta a. Wi, nenpòt dlo pwòp, dlo tiyo a mache.
Svp Eske si yon moun pa gen kivèt blan kote l ye a Eske w k fè l nan Kenpot resipyan pou fè beny an ?
Eskize n pou reta a. Wi Steeve, nenpòt kivèt pwòp.
Salut
Si on moun gen pou fe beny yo pou tet li, li vle benyen pitit li tou, eske li bon pou itilize menm kivet lan? eske li ka benyen ni tet li , ni timoun nan menm jou an?
Mesi
Eskize n pou reta a. Leika, wi, ou ka benyen tou de menm jou a, men chak moun ak pwòp dlo pa l. Pou timoun nan, fè l pi lejè.
M pwal rekòmanse beny sa yo jodia a menm
Bon chans Gimsy!
Bonsoir,Vye Erol,limyè pou ou fanmi,koman nou ye??
Beny sa yo konbyen jour nou ka fe nap pran yo
Epi chak kileu?
Paske gen KONNEN ki konn di li toujou bon poul fet lundi,wa pote yon limyè sou sa pou mwen,mesi
Eskize n pou reta a. Avrilus, ou ka fè beny yo 3 a 7 jou youn dèyè lòt. Nenpòt jou ka bon, men anpil moun renmen kòmanse lendi.
Esk mw ka fet tut 2 epi mw fet beny remanbre an svp merci pou repons nou
Eskize n pou reta a. Fè youn, epi lòt la apre. Pa fè yo menm jou a.
Eske mw oblige fet tour les 2 svp
Mwen reponn ou nan lòt kòmantè a.
Bonsoir kotem ye a li difisil poum jwenn dlo lanmè a eske sim fel san li lap pwoblem svp
Eskize n pou reta a. Sophia, mete yon bon ti ponyen gwo sèl nan dlo dous la.
M pa fin konprann 7-14-21 grenn klou jiwof lan
Eskize n pou reta a. Reginald, chwazi youn: 7, 14 oswa 21 grenn jiwòf, dapre jan pwoblèm nan fò.
Hoïs ton vye , eske m k fe beny dyòk a beny chans lan pou yon ti gason lap gen 4 ans en juin svp ?
Eskize n pou reta a. Pou yon timoun 4 an, nou konseye w diminye kantite plant yo epi evite plant ki twò fò. Pale ak yon pwofesyonèl sante anvan w fè l.
Mèsi Vye! Beny dyòk la oblije fèt nan yon kivèt blan??
Bon bagay medikaplant avew Map mâche
Mèsi Filsaime!
Eske gen yon jou espesyal pou nou fè beny lan
Eskize n pou reta a. Pa gen yon jou obligatwa, men anpil moun pito fè l nan maten bonè oswa nan yon lè ou kalm. Sa ki pi enpòtan se lentansyon w ak regilarite w.
Non, nou p abezwen kivèt blan oswa kivwèt. menm si se bokit ou genyen fè l.
Ton vye eske si ou pa gen dlo lanmè ou pap ka fè l?
Eskize n pou reta a. Ou ka fè l. Mete yon bon ti ponyen gwo sèl nan dlo dous la.
Bon swa vye Ewol ,formule 3-7 dan lay la vle di soit mwen mete 3 oubyen 7 dent lay????mwen wé 7-14-21 sa vle map chwazi ant 7-14-21 grenn??
Eskize n pou reta a. Shwartz, chwazi youn nan kantite yo: 3 oswa 7 tèt lay, epi 7, 14 oswa 21 grenn jiwòf, dapre jan pwoblèm nan fò.
Ok
Mèsi Devilus!
Nan beny chans lan mwen konn tande yo mande anpil bagay tankou fri (zoranj dous, fig mi, pom etc…) yo konn mande yon galon lèm mwen pa wè nou mansyone sa yo anplus plizyè kalite pafen. Mwen ta renmen nou dim plus silvouplè 🙏🏽🙏🏽🙏🏽🙏🏽
Nou pa bezwen tout grimas sa yo. Moun ki bay resèt sa yo, se yo pou w mande, nou mem nou bay pa nou, se sou li nou ka reponn. Nou ba w sa ki efikas zanmi m. Pinga melanje dòz yo.
Sa bon pa neglije ede frèw.nou remesyew
N ap kontinye fè sa.