Passer au contenu principal

Medikaplant

Aprann Melanje Plant Pou Fè Remèd

Medikaplant.org

Konpoze Dòz Plant — Yon Atizay, Yon Syans, Yon Lavi

Tout moun ka vin maton nan konpoze remèd fèy pou pwoteje ak pwolonje lavi yo ak lavi moun yo renmen.
Se aprann pou vin konnen. Se konnen ki fè.


Nan tradisyon Medikaplant, nou plis prefere pale de fòmil oswa dòz plant olye n itilize mo resèt.
Yon dòz plant se yon melanj sinèjik kote nou marye plizyè plant ansanm pou miltipliye fòs terapetik yo ak valè nitrisyonèl yo. Lè plant yo ini, yo kreye yon lòt fòs — yon nouvo vibrasyon ki depase tout sa chak plant te ka fè pou kont li.
Se sa nou rele Alchimi Plant yoatizay pou transfòme, amonize, ak konpoze yon sibstans vivan ki gen pouvwa pou geri, balanse, e renouvle kò a.
Se konnen ki fè. Yon doktè fèy pa yon jwèt.



Close-up of hands grinding herbs and flowers in a mortar for natural remedies.

Nou Tout Ka Aprann Manipile Plant yo

Nenpòt moun ka aprann sèvi ak plant pou geri ak pwoteje.
Se pa sèlman moun ki gen “don” ki gen dwa antre nan konesans sa.
Depi ou gen bon volonte, ou aprann prensip yo, ou suiv etap yo ak disiplin, ou kapab fè mirak ak plant yo.

Nan medsin fèy ayisyen, se lè ou rive amoni ak plant yo ou antre nan pwofondè konesans lan.
Lè w respekte yo, w kominike avèk yo, epi w viv ak yo nan vibrasyon respè, plant yo kòmanse “reponn” ou. Lè sa rive, entuisyon ou vin sèvi kòm gid ou.
Moun ki gen don natirèl yo, yo deja louvri nan dimansyon sa a. Men konesans rete ouvè pou tout moun ki chèche l ak kè sensè.

3 Pati Fondamantal Pou Konpoze Yon Dòz Plant

Pou monte yon fòmil remèd fèy, metòd la dwe ekilibre tankou yon triyang ki gen twa pwent:

1. Manman Plant (Plant Kle | Plant Prensipal)

70% – 80% nan fòmil la
Sa yo se plant prensipal ou chwazi pou trete pwoblèm sante ou vize a.
Yo pote direksyon ak entansyon dòz la. Ou ka sèvi ak youn oswa plizyè manman plant ansanm, men yo dwe rete baz la, fondasyon fòmil la.

2. Plant Sipò

15% – 20% nan fòmil la
Plant sa yo la pou fòtifye ak balanse aksyon manman plant yo.
Yo jwe wòl trankilizant, amonizatè, oswa fasilitatè pou bon transfè prensip aktif yo nan kò a.
Souvan, se plant ki gen ti “glis” natirèl, ki ede melanj la vin douser, pi lis, ak plis efikas.

3. Plant Koutye (Plant Aktivasyon | Katalizè)

10% – 15% nan fòmil la
Sa yo se plant ki aktive sistèm kò a pou resevwa dòz la pi byen.
Yo pouse san an sikile, fè kò a swe, pipi, oswa elimine toksin.
Se yo menm ki ouvè pòt pou remèd la rantre kote l dwe rantre.
Plant koutye yo soti nan fanmi plant cho, stimilan, dyeretik, oswa dyaforetik.

Woman in eco-friendly store preparing organic products using glass jars with a variety of ingredients.

Leson Pou Sonje

Konpoze dòz se plis pase melanje plant.
Se yon rit natirèl kote ou antre an kominyon ak fòs vivan nan lanati.
Se yon pratik ki mande respè, obsèvasyon, ak pasyans.
Apre sa, se pratik ak konesans ki pral fè ou vin mèt atizay la.

Si ou renmen aprann konsa, abòne ak paj Medikaplant pou w jwenn plis leson sou atizay medsin fèy, fòmil plant, ak beny tradisyonèl ki geri kò ak lespri.


Medikaplant

#Medikaplant | #VyeEwòl | #AprannFèTe | #KonpozeDòz | #FòmilRemèdFèy | #ManmanPlant | #PlantSipò | #PlantKoutye | #PlantKatalizè | #AlchimiPlant | #MedsinFèyAyisyen | #KonesansKiFè

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè