Non: Kakapoul, Sansès
Non Synatifik: Catharanthus roseus
Non Fransè: Pervenche, Sans cesse
Non Anglè: Madagascar periwinkle, bright eyes, Cape periwinkle, graveyard plant, old maid, (rose, pink) periwinkle
Yo konn rele plant sa sansès nan kèk zòn nan peyi a ak nan Karayib la. Nou p ap janm ka di kichòy ki genpou di sou li men n ap di de twa mo sou plant mirak sa, bèl ti flè sa ki chaje ak pwopriyete medisinal ladan l.
Si nou nan peyi frankofòn yo se chache l sou non Pervenche e kèk kote se Sans cesse. M wè anpil moun Ayiti kou USA pran plant sa pou flè dekoratif, chaje yo nan tout plas piblik, tout raje. Men w a move pa w.
Kèk Pwopriyete Plant Sa Genyen:
Larenjit oswa Anjin: se plopplop li fikse w. Toufe plant sa nan dlo cho apre yon 10-13 minit, gagari l pou trete gòj fè mal. Gen plizyè varyete epi yo gen koulè diferan tou.
Tansyon: Moun ki fè tansyon ka fè te, bouyi fèy la, jere sa.
Si w poko like paj Facebook Medikaplant lan, fè sa epi Envite 21 lòt moun LIKE #Medikaplant.
Chak Koulè Flè yo Gen patikilarite yo:
Pa twonpe w, chak koulè flè sa yo gen mèvèy pa yo: pa ekzanp, si w ap itilize l kont maladi sik/dyabèt, se sa ki gen flè mov ak woz yo; tandiske si w vle itilize kòm yon sikatrizan oubyen tou si w ta vle itilize plant sa pou yon – Astrenjan – sere oswa rann tisi yo djougan, se pye ki gen flè blanch lan pou itilize.
Men tout koulè flè yo ka trete konjonktivit. Se konnen ki fè.

Menm medsin modèn fouye men l anndan nannan plant sa, yo ekstrè alkaloyid ladan l pou tretman kansè (nou dwe konn se jwèt). Bat rasin nan, bouyi l bay zanfan la yo bwè pou elimine vè trapde. Sa pa vle wè dat sou po, elimine gas ak vant fè mal, gonfleman, balonnman. Se lènmi dan fè mal, pwoblèm fwa, kont Tibèkiloz (TB), anti-asmatik, anti-malarik.
Yon ti Sekrè:
Pou sa ki konnen menm, gen yon plant ki sanble tèt koupe ak li, se youn nan pi gwo plant sou latè men m poko ka ba nou li lasosyete, k a gen kouri: ata beny dezanvoutman ou ka jere ak sa, moun yo deranje ora yo, moun ti bonnanj yo anboulatcha….M kite sa pou granmoun yo. An n kanpe la lasosyete, gen twòp byenfè nan yon sèl ti plant flè.
De ti mo pa se jis yon ti losyè enfòmasyon pou ede n idantifye plant yo pi byen men pou plis detay nou ka kontakte.
__________///_________///__________///______________
Medikaplant | #KakaPoul | #Sansès



KOMAN NOU YE MENM
MWEN APRESIE ED WAP AY A KOMINOTE A ANPIL WI .
SE FASON PAW POU EDE NOU NAN MOMAN DIFISIL PEYI NOU AP TRAVESE A .
MAP POEW YON KESYON: GEN YON MOUN KI FE KANSE PANKREA, LI TE TRES GRAVE , YO FE YON REMED POULI AK DLO KOKOYE ET LOT INGREDIAN . MOUN NAN PAT VLE BANM TOUT ELEMAN YO, WU KONN KI JAN NOU YE . MOUN KI FE KANSE LAP PRAN REMED LA ET LI KOMANSE ANFOM , WU KONNEN KI EMED LI YE ?
MWEN REMESIEW DAVANS
Plen resèt pou koze maladi sa w site a. Men anpil se remèd moun ki konnen dwe fè paske yo ka lakoz plis mal pase byen. Yon bagay frajil konsa nan tout sans, nou pa kòmante ni bay resèt konsa sou li sitou si se pa sou paj nou ou jwenn li. N ap envite w fè ti rechèch sou platfòm nou an sitou sitwèb la pou w jwenn plis koze sou maladi sa. Nou ofri plizyè pwotokòl pou sipòte malad yo, nou menm gen yon te ki rele Kaba Ka, ki move anpil. Antouka, nan tan sa moun tankou nou k ap ede ak plant, yo pèsekite n anpil. Se pa tout bagay nou ka pale sou yo sou rezo yo. Gen gwo enterè ki kache dèyè gwo maladi sa yo. Se vre n ka ede men nou pa ka pale piblikman sou anpil nan maladi swadizan enkirab sa yo alòske plant yo te ka geri nasyon yo.
Koman mwen ka itilize l pou Vè a svp ton Vieux
Eskize n pou reta a. Claudy, kakapoul gen pwazon si yo pa itilize l byen. Pou vè, pi bon chwazi yon lòt plant tankou grenn papay oswa simenkontra an ti dòz, oswa pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Svp koman mòd itilizasyon an ye pou TB a pandan Konbyen jou lap ye
Eskize n pou reta a. Guerdy, tibèkiloz (TB) bezwen tretman lopital ki dire plizyè mwa. Kakapoul pa ka ranplase l. Plant ka sèlman ede kò a ansanm ak tretman doktè a.
Mw felisitew ak remesyew . men mw ta renmen konnen ki kote mw kapab achte kek nan fey sa yo ou di a svp
W ap jwenn anpil fèy nan makèt panyòl yo sitou ak machann fèy Ayiti oswa an dyaspora a. Genyen w apjwenn online tou. Byento Medikaplant ap gen Shop plant pa li. Ou ka pase kòmand tou.