Beny sa bon pou ou si w strese, gen depresyon, soti nan yon relasyon toksik, santi w delese, deprime, tout zafè w tèt anba, parès nan kò w, oswa jis vle rilaks ou, ets…Timoun kou granmoun ka benefisye byenfè beny sa san pwoblèm.
Beny Fleri pou dechaje ora w e degaje bon vibrasyon; nan yon kivèt blan (li ka nenpòt resipyan) ki gen 3/4 dlo mete:
ENGREDYAN
– Petal Woz – Jasmen – Lavand – Flè Kamomil – Wou (Ruda/Rue) – Ekaliptis – Sitwonèl
Ou ka ajoute Fèy ak flè ilan-ilan + bazilik + pafen + lwil Woz (de rose). Ou ka fè beny sa ak lèt oubyen san lèt. Sa vle di si w vle ajoute lèt (leche/milk) ou kapab men li pa nesesè.
Fwote flè ak fèy yo and am pandan de twa minit. Vide pafen yo ak lwil Woz la ladan, lese l poze pou yon ti tan. Itilize yon ti savon lave san lave pou benyen tèt ou.
Ou ka fè l nenpòt jou, preferab anvan solèy kouche nan debi semèn pou byen lanse semèn lan oswa nan dimanch.

DIPLIS:
Ou ka fè te ak kèk nan plant yo: Bouyi Ekaliptis, sitwonèl, bazilik, kamomil pou 7-10 minit. Bwè l ak siwomyèl imedyatman apre beny lan e anvan w ale dòmi. W ap dòmi swa e w ap fè vwayaj. Sa si sitou pou moun ki toumante oswa k gen difikilte pou dòmi.
_________________\\\\\\\\\________\\\\\\\\\_______
#Medikaplant |#Beny_Flè



Ki pafen pou n itilize a ?
Ou ka sèvi ak nenpòt pafen ki gen bon odè ou renmen. Pi bon se yon pafen natirèl oswa kèk gout lwil esansyèl (woz, lavand, ilan-ilan).
E kibò nou ka jwenn flè sa yo achte nan Pòtoprens?
Eskize n pou reta a. Betshina, nan Pòtoprens ou ka jwenn flè yo nan mache Kwa-de-Bouke oswa Mache Ipolit.
Mesi medikaplant ou ede nou anpil merci merci
Chapo ba. Mèsi.
Mesi medikaplant ou ede nou anpil merci merci
Mèsi anpil Keri!
Merci
Merci Milli!